Lanmou’n Matematik 

Enviado por namara   Seguir

7 Septiembre 2020, 04:17

Mwen plus ou
Ou plus mwen
Fome yon asanm
Sa fèn asanm
De kò ki ini
Sou yon liy infini
Asanm vid pa pou nou
Pa pale’n de tab
Lanmoun pa kontab
San probabilte
Nou se fri menm pwodwi
Pa yon Ekwasyon’ de inkoni
Men yon relasyn byen mezire
San konveksite
Adisyon pasyonn
San konpleksite
Son fraksyon sou yon liy brize
Lè lanmou’n senplifye
Kote lanmou ap miltipliye
Se sak reyaksyon’n
KiSa’n chòkò de ekè?
Si lanmou’n San degre
Indiferans, koulè ak wotè
Se somè, sa’n brize
Nan sikonferans pwen g
Map maksimize
Sinbòl lanmou’n pa iks
Sèl sans nou invaryab
Pozisyonn pa fiks
Lanmou’n pa soustrè tab
Nou se 6ak9
Nan menm pwen intèseksyon
Ang swasantnèf
Son kolabo San patisyon
Dwa’n ekilateral
Son Egalite fenomenal
24/7 lanmoun pa divize
Son twa sèt tout pwen konte















71.43%

votos positivos

Votos totales: 7

Comparte:
Añade tus comentarios